Fidèl legliz katolik yo nan Bòd , fete Sen Patrònn yo Sent Fanmiy jounen dimanch 29 desanm 2024 la

202
0
Share:
TRiboLAND


12 – 29 – 2024 

Bòd, Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Jounen dimanch 29 desanm 2024 la, plizyè santènn fidèl legliz katolik, pawas Sent Famiy nan lokatite Bòd, patisipe nan gro selebwasyon fèt patwonal rejyon an malgre aktivite lapli san rete yo. Konsa, yo te plizyè milye patisipan ki tap solisite entèvansyon Granmèt la pou akòde yon atansyon espeyàl pou kòz peyi Dayiti a.


Malgre yon matine mouye, divès potorik otorite lokal ak relijye te fè deplasman nesesè pou yon parèy sòlòkòtò. Dinyite tankou direktè depatmantal PNH Grandans la, Frantz Saint Armand te bèl e byen prezan. Se te yon okazyon bab e moustach pou Evèk dyosèz Jeremi an, Joseph Gontran Decoste, kase mete nan men otorite yo kap fè jwèt manje tè avèk peyia. Konsa, li soupliye otorite yo pou ranmase chita yo, pandan yap ranmase karaktè yo pou fasilite bonjan kondisyon pou retire pèp ayisyen an nan salte ak lawont mondyàl.

Share:

Leave a reply