Vodouyizan yo nan pòdepè selebre espri gede yo samdi 2 novanm nan

0 350


Se plizyè milye aderan ak manm nan popilasyon pòdepè a ki vin patisipe nan gran manifestasyon kiltirèl vodou a nan okazyon an nan lide pou te rive reyose ekla fèt sa nan site kapwa lamò a Jounen samdi 2 novanm nan. Yon aktivite divès chèf nan sektè vodou a nan depatman nòdwès la, tankou Anperè Hervé Germain, Gwètòdé Lundi Jofène, Plais-en-Dieu Pofilus, Visprezidan nasyonal Zanfan tradisyon ayisyen( zantray) Ernest Colastin Menès, Prezidan depatmantal zantray Dieujuste Marcelin, pou n’ site gran dèt sa yo sèlman ki te reponn prezan nan gran wonmble sa a, kote divès koral vodou t’ap yaya kò yo youn aprè lot, melanje ak moun ki te vin asiste.


Yon aktivite anyèl ak tradisyonèl ki gen pou objektif onore lespri gede yo daprè Ati depatmantal Lundi Jofène ki rejte tout ide kòmkwa Vodou a ta gen bagay ki mal ladan l’. ” Vodou pa gen anyen pou wè ak sa ki mal. Moun ki swadizan di yo se vodouyizan k’ap fè mal, se raketè men se pa vrè vodouyizan yo ye”, se sa prèt vodou a deklare nan mikwo radyo makoni fm, aprè seremoni an. Vodou pa lot bagay ke yon retou vè lenkoni selon Gwètòdé Lundi ki t’ap eseye bay yon definisyon mistik vodou a. Aktivite sa ki reyalize jounen samdi 2 navanm nan montre tou inite ki gen yen mitan wongan yo ak tout moun ki rekonèt idantite yo nan vodou a, si n’ ta vle kwè nan pwopo chèf la, ki fè kwè fason seremoni an dewoule a, sa dwe sèvi yon sinyal ak tout egzanp pou tout lot sektè andedan depatman nòdwès la, nan peyi dayiti an jeneral.


” Anpil moun ki te vin asiste konprann vodou a se lanmou, se anbyans, se pataj frè avèk sè san ankenn èn. E sila yo ki te mete nan tèt yo se vye moun sèlman ki nan sektè vodou a, yo pral komanse retire tèt yo nan manti”, se sa reprezantan Konfederasyon nasyonal vodouyizan ayisyen an(KNVA) deklare. Menm si gen anpil moun ki ta sanble p’ap chanje pèsepsyon de sektè sa pa rapò ak anpil moun (wongan) ki reklame tèt yo de vodouyizan, men ki ta sanble pa pile anyen frèt anba pye yo nan kesyon touye moun epi leve moun tou. Yon pratik ki trè kouran an nayiti.


Pi lwen, Ati depatmantal Lundi Jofène te pwofite adrese l’ ak manm pouvwa egzekitif la, législatif la ak manm sektè opozisyon demokratik lan ki daprè limenm se responsab kriz k’ap mennen peyi a nan bouchri a. Se nan sans sa a tou reprezantan vodou a kwè se yo menm tou ki pou chita ansanm pou jwenn yon solisyon pou debloke peyi a, paske mas pèp la pa kapab ankò. ” Si bagay kontinye konsa, gen moun ki pral kòmanse mouri ak grangou nan jou k’ap vini la yo. Pandan lavi a chè, moun yo pa menm jwenn anyen pou yo achte vrèman nan mache. Prese prese aktè yo dwe jwen yon kompwomi. Ale Jovenel p’ap bon rete li p’ap bon, se tèt ansanm ki pou gen yen, konsa pou yo mete ayiti ak enterè mas defavorize a nan mitan deba yo, konsa nasyon an va rale yon ouf”, se sa prèt vodou a kwè.


Yon lòt kote vis prezidan nasyonal Zanfan tradisyon ayisyen an Ernest Menès Colastin deplore zak kraze brize k’ap fèt nan peyi a pou mande depa chèf leta a. Lidè vodou a kwè menmsi popilasyon an ap manifeste pou revandike dwa li ak sa ki fè l’ mal, pa dwe gen kas nan ladanl’ . Paske lè yo fin kraze se anpil tan yo pral pran pou rekonstwi kèlkeswa pati ou byen gwoup k’ap pran pouvwa si toutfwa Jovenel Moïse ta kite palè nasyonal. Li pa mete l’ dakò tou ak moun k’ap endekse divès notab ak otorite nan vil la, daprè Ernest ki pale de règleman de kont. ” Nou panse akote manifestasyon yo aktivite yo pa dwe bloke, lekol la dwe louvri pou timoun yo gen aksè al resevwa pen enstriksyon”, se antouka deklarasyon prèt vodou a.

Marc Edy OSSAM, TRiboLAND

Leave A Reply