Òganizasyon politik “NÒDÈS DEBOU” mande Gouvènman Ariel HENRY kreye kondisyon pou moun viv byen nan peyi-a.
Nan yon konferans pou laprès vandredi 10 jen 2022 nan vil Fòlibète, responsab “Nòdès Debou” yo bay pozisyon yo sou konjonkti politik aktyèl peyi Dayiti a.
06-11-2022
Fòlibète, Ayiti____(TRiboLAND) Nan konferans sa, òganizasyon sosyo politik la mete aksan sou ensekrite sosyal, chète lavi a kap moute balkon, ratman ak kòripsyon gaz sou mache a, dèt endepandans peyi Lafrans genyen anvè Ayiti ak kesyon kòd penal ak pwosedi penal la ki prevwa pibliye 24 jen kap vini la.
Kòdonatè depatmantal “NÒDÈS DEBOU” a, Mentor FERNAND mande Prezidan “Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN) premye Minis Ariel HENRY pou bay lapolis mwayen pou kontre kare ak bandi yo ki bloke prèske 4 depatman peyi-a nan kreye latwoublay yon fason pou gen envèstisè ki vin envèsti nan peyi-a.
Sou kesyon lavi chè ki makònen avèk rate gaz la, mesye Mentor fè konnen depi lè administrasyon Jovenel MOÏSE te vin liberalize mache gaz la ki pou koulye-a sou kontwòl sektè prive-a lavi popilasyon-an vin pi mal piske gaz la se yon pwodwi transvèsal depi gen rate li otomatikman pou pwodwi premye nesesite ogmante. Li mande Gouvènman Ariel HENRY a poul pran desizyon retire kesyon enpòtasyon gaz la nan men sektè prive-a pou Leta repran kontwòl li pou popilasyon an jwen yon soulajman.
Dèt peyi Lafrans dwe Ayiti a, Mentor FERNAND mande poul remèt ķòb sa ki evalye a 21 milya dola pou Ayiti kapab devlope tèt li, epi nouvo kòd penal ayisyen-an ki prevwa pibliye 24 jen kap vini la li mande Gouvènman anplas la ak komisyon kap travay sou kòd penal la pou metel sou kote oubyen elimine yon seri atik ki bay privilèj a delenkans ki di yon ti fi 15 lane kapab marye paske li pa apwopriye ak kilti pèp ayisyen an.
Ansyen Majistra vil Fòlibète a Moise Charles PIERRE te fè santi prezans li egalman nan moman li tap reponn kèk kesyon, sou rankont chèf BINUH an nan peyi Dayiti, Madam Helen La Lime avèk ansyen Prezidan Jean Bertrand ARISTIDE lakay li. Pierre pwopoze pou Aristide enplike tout fòs viv nasyon an epi aplike tolerans pou gen yon depasman deswa pou nou sòti ak yon rezolisyon ansanm pou retire peyi-a nan maras difisil lap konnen san nou pa bezwen ap tann se etranje ki pou vin rezoud pwoblèm peyi-a men se Ayisyen ak Ayisyen ki pou fè l ansanm.
Pou kòdonatè NÒDÈS DEBOU a Mentor Fernand li pwopoze pou ta genyen yon konsèy Prezidansyèl pou jere pakèt pwoblèm peyi-a ap konfwonte jodi-a.
Jn simon Manex, TRiboLAND
Comments are closed.