FDDG – AGERCA: PNH la pa gen ase jèvrenn pou konbat fenomèn gang lan nan peyi Dayiti

651

02-03-2023

Pòtoprens, Ayiti___(TRiboLAND) Nan lide pou gen yon pi bon konpreyansyon sou randman PNH la fas ak divès gwoup gang nan peyi Dayiti, “Firme Diagnostic Development Group” nan tèt kole ak AGERCA, lanse yon ankèt, kote yo ta pral kesyone yon echantiyon 1327 moun, pou rive konnen, èske Polis Nasyonal Dayiti a kapab, pou kont li rezoud fenomèn gang ame a,ki ta sanble parèt nan dènye jou sa yo enpwuisan.

Nan kad ankèt sila,”Firme Diagnostic Development Group” fè konnen, 71% moun yo kesyone yo deklare Polis Nasyonal Peyi Dayiti a, pa gen ase fòs oubyen jèvrenn pou konbat fenomèn sila ki mete ajenou otorite anndan peyi a.

Sepandan, enstitisyon an sila pa bay okenn detay sou rekòmandasyon yo fè ak wo dinyitè PNH yo nan peyi Dayiti.

Comments are closed.