Fondasyon TRiboLAND : Yon premye fòmasyon gratis pou jèn yo nan Komin Sèka Lasous

12 – 23 – 2024
Sèka Lasou, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad misyon li ki se fasilite jèn yo atravè Dayiti pa re 2 bwa balanse o upran nan zatrap pwostitisyon, gang ak politisyen atoufè, Fondasyon TRiboLAND, finalman arive ateri nan Sèka Lasous jodi lendi 23 desanm 2024 la.
Plis pase 70 patisipan, te deja fasilite prezans yo nan lokal Kolèj Sen Mak la nan Sèka Lasous. Aprantisaj la pral plis chita sou dekorasyon nan yon lòt nivo anba ekspètizm madam Silmincia Bellamy, yon fòmatris chevrone nan sèvis dekorasyon nan komin Sèka Lasous.

2 jounen fòmasyon gratis, tout sa andre nan kad misyon TRiboLAND.com pou fasilite tout jèn benefisye yon metye manyèl ou konpedas abilite san yon goud Lesko. Konsa, se gras ak zak volontarya komite lokal TRiboLAND Sèka Lasous la, ki konpoze avèk Pastè Jonel Estavien, mèt Tevenot Simprevil, Madam mimosa Emmanuel ak Djoud Vensley Peralte.






