PNH: Ankèt sou asasina jèn jounalis orijinè Nòdwès la fini, gro mezi konsèvatwa gen pou pran

1,241

PNH la pwomèt gwo limyè sou zay asasinay Romelson Vilcin kite tonbe nan dat 30 novanm pase a,andedan komisarya Delmas 33.

02-10-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal la nan peyi Dayiti, anonse yo mete fen ak ankèt yo tap mennen sou asasinay, jèn jounalis orijinè Nòdwès la, Romelson Vilcin ki te resevwa yon bal nan tèt, nan komisarya Delmas 33 a, nan dat kite 30 novanm pase a.

Dapwè responsab ISGPN yo, yo rive dekouvri se yon polisye kite poze zak zenglendinay sila, e yo anonse yo deja nan pwosesis pou yo pran gwo sanksyon kont move grenn sila.

Nap raple ou, Romelson Vilcin te twouve lanmò li, nan moman li ta’l pote ranfò ak yon kòlèg li ke lapolis te arete nan dat sila.

Yon dosye direktwa jounal TRiboLAND ap swiv ak anpil atansyon!

Comments are closed.