Pou make premye ane ekzistans li, Platfòm Òganizasyon “Yon Lòt Chanbelan Posib”, òganize divès aktivite sosyal e edikatif.

01- 14 -2026
Chanbelan, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou make premye anivèsè Platfòm Òganizasyon “Yon Lòt Chanbelan Posib”, responsab yo arive òanize divès aktivite sosyal e edikatif. Kòdonatè a, pastè Claude Daniel ki te akonpaye kèk lòt manm kòdinasyon an nan komin Chanbelan, te rann yo nan lekòl nasyonal Eno; konsa, yo te renmet yon lo materyèl eskolè pou desèvi timoun ak paran yo ki pat kapab achete liv, kaye, plim elatriye pou yo.
Selon Kòdonatè Platfòm lan, pastè Daniel Claude, òganizasyon an, akse plis nan domèn edikasyon, anviwonman, rebwazman, sante, enfwastrikti woutyè, yon fason pou akonpaye kominote chanbelanèz lan vè yon sivilizasyon kap kondwi li dwat dirèk nan yon lòt Chanbelan modèn.






