Fanmiy Bon-Amy Gelin voye jete tout akizasyon ki ta fè kwè ke l fè pati yon gwoup gang.

1,328

Fanmiy Bon-Amy kap viv nan Lakwa Sen-Jozèf voye jete byen lwen tout akizasyon kita fè kwè ke, Bon- Amy Gelin, ki gen ti non atis li, “GG Mennenm” fè pati yon gwoup gang nan Ti Bwadòm e menm akzel kòm kwa seli menm ki retire lavi ajan UDMO, Anthony Dumas nan zòn Ti Bwadòm.

08-08-2022

Pòdpè, Ayitii__(TRiboLAND) Dapwè enfòmasyon korespondan Triboland yo rive jwenn nan Lakwa Sen-Jozèf bò kote plizyè pwòch fanmi Bon- Amy Gelin, yo konfime ke prezime koupab la se yon natif nan Lakwa Sen-Jozèf, li genyen 22 rekòt kafe sou tèt li, li pral fè NSIII nan Lekòl Pè Jean-Mary Vincent e li se yon atis kap evolye nan domèn mizik.

“Arete nan dat 7 dawou 2022 nan moman li te vin ranje yon moto nan vil Pòdpè.”Se deklarasyon Antoine Minaïdine ak Bon-Amy Colin, mennaj ak frè prezime gang lan fè. “Gelin pa menm konnen lokalite ki rele Ti Bwadòm nan”, daprè pròch yo ki tap depoze. Pou yo menm, lè polisye a te mouri, se match foutbòl yo tap gade nan Dolsine, yon lokalite nan Lakwa Sen-Jozèf.

Poze kesyon pou konnen, kòman Bon-Amy Gelin fè genyen Tatou sou li? Minaïdine reponn, tatou ki sou li yo,se paske lap evolye nan domèn mizikal la, ki fèl fè yo. Li kontinye poul di: “foto tèt fi ki sou li a,se foto vizaj mw li ye, e mw fè pal la tou sou kò mw.”

Antouka pou fanmi ak zanmi prezime gang lan, Bon Amy Gelin, pa enplike ni lwen ni pwè nan koze gang ak kidnapping.

Comments are closed.