Jan sa te anonse, patizan Guy Philippe yo pwan lari jodi a nan Jeremi san vyolans.

832

03 – 18 – 2024

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Jan sa te anonse a, patizan Guy Philippe yo nan Jeremi pran lari pasifikman jounen lendi 18 mas 2024, yon fason pou reklame enstalasyon ansyen chèf rebèl la nan Palè Nasyon an.

Manifestan yo te pakouri plizyè ri nan vil Jeremi, yon fason pou kontinye egzije aplikasyon Rezolisyon Revèy Nasyonal lan.

Ki genyen ladan l, enstalasyon Konsèy Prezidansyèl lan , ansyen Senatè Guy Philippe, Jij Durin Junior Duret ,Doktè Marie Françoise Villier, kòm twa manm konsèy Prezidansyèl ki pou enstale nan Palè nasyonal ak òganize bonjan eleksyon.

Manifestasyon ki fini san okenn ensidan majè, e yo bay garanti, pou peryòd sa a, lekol, mache piblik, bank komèsyal yo, kapab fonksyone, si non ke yo kapab chanje estrateji batay, si tout fwa genyen retisans pou aplike san rezèv pozisyon yo a.

Comments are closed.