Jounalis John Aristide envite pou li parèt nan Pakè pou tèt li tap denonse zak kòripsyon nan BNC Pòdpè a.

817

04 – 23 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Claude Jean Louis ansyen anplwaye BNC nan Pòdpè envite jounalis vedèt John Aristide k’ap travay pou Radyo Nouvèl Vizyon nan site Kapwa Lamò a, pou li parèt devan chèf Pakè Pòdpè a, Applys Félix, demen mèkredi k’ap vini la, pou tèt li ta denonse zak kòripsyon ak malvèsasyon k’ap fèt nan BNC Pòdpè a.

Dapwè divès enfòmasyon k’ap sikile nan site a, vag revokasyon ki te fèt nan BNC Pòdpè mwa pase yo, pami yo revokasyon ansyen anplwaye BNC a, Claude Jean Louis, ta sanble genyen anpil pou wè avèk kòripsyon ak malvèsasyon.

Pou anpil moun, envitasyon Claude Jean Louis voye bay jounalis John Aristide la, se pou fè wont sèvi kolè paske nouvèl la te deja gaye nan tout site a ke annafè a ta revoke pou zak kòripsyon ak malvèsasyon.


Comments are closed.