Plizyè sitwayen avize nan depatman Nòdès peyi Dayiti mande ULCC pou mennen yon ankèt sou plizyè bwat Leta nan depatman an k’ap benyen nan kòripsyon.

797


04 – 27 – 2024

Wanament, Ayiti__(TRiboLAND) ULCC tanpri silvouplè se yon obligasyon pwouve saw kafè! Se kri divès sitwayen avize nan depatman Nòdès la, ki vle wè ULCC mennen yon ankèt san pèdi tan nan divès bwat Leta, kote kòripsyon sèl kòk chante.

Sitwayen yo san ezite lonje dwèt jouda yo byen long, sou ansyen direktè Polifront lan, Saurel Alexis, ki transfere nan gran katye Polifront, kote yo ap entèsede pou ULCC mennen yon ankèt prese e serye sou administrasyon li a.

Pou kontinye blanchi vil la kont kòripsyon, sitwayen yo mande ULCC voye filè li nan divès lòt bwat Leta tankou, Pakè Grand Rivyè Dinò pou desann Dondon, Senrafayèl, poun site sa yo sèlman, paske dapwè yo, genyen twòp abi kap fèt nan komin yo.

Comments are closed.