Trafik zam : Lapolis sène Sénat kon krab, yon pwopwietè otèl nan komin Beladè

386
0
Share:
TRiboLAND

03 – 14 – 2025

Ench, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis mare tankou krab Guitho Sénat, pwopwiyetè otèl nan komin Beladè aprè ankèt sou yon gwo tonton kagezon zam kote ke lapolis revele ke pwezime malfektè a ta enplike ra gagann nan trafik zam atravè yon gwo rezo kontrebann ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti.

Enfòmasyon fè konnen se atravè komin Beladè sangwen kòmèsan apatrid la ta sanble fasilite dwòg ak zam antre sou tèritwà Jan Jak Desalenn lan. Sénat, ki se egalman yon manm nan sèktè transpò a, trouve li jounen jodia nan gadavu nan komisarya Ench lan.

Nan fouye zo nan kalalou, ankèt yo egalamn revele ke mesye Sénat te genyen bonjan kontak ak 2 lòt trafikan dezagreman nan Repiblik Dominikèn; Urbano Eugenio Garcia ak Máximo Péres, 2 reselè, te deja jwen kondanasyon yo pou trafik zam, kote ke lajistis dominikèn egzije yo pou pase yon lane dèyè bawo.

Nap raple, nan jou sila yo, anpil bwàs ap fèt ant otorite 2 peyi yo, yon fason pou demantle sous ou rezo trafikan zam kap alimante vyolans san parèy la nan peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply