Nan konplisite ak popilasyon ayisyèn nan, 35 sangwen gwo koure bwè dlo bouch yo

11 – 19 – 2024
Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon ekip ajan polis ki tap patrouye devanjou arive intèsepte yon kamyon ki te chaje ak gang nan otè Petyonvil byen bonè douvanjou maten jodi madi 19 novanm 2024 la; alòske fòslòd yo arive fouke egalman yon lòt ti bis ki tap bwote bandi sansal nan sant vil Pòtopwens, daprè sa rapotè Polis Nasyonal peyi Dayiti a, Lionel Lazarre ap klewone bay medya yo.
Nan boukantaj kout zam san parèy pandan 2 konfwotasyon yo, 10 sangwen mikwòb arive mouri. Sa pat rete la sèlman; yon gwoup rezidan ki byen òganize, ki deside pa bay kriminèl yo legen, ta pral rapouswiv sa yo ki tap eseye mete van nan vwèl yo, ta sanble enskri nan pwogram Bwa Kale a, ki ta sanble vle refè lapli ak botan nan depatman Lwès peyi a.
Nan jou sila yo, vyolans gang yo dechennen pi ke jamè; moun kap pèdi lavi yo anba krim atwòs asosyasyon kriminèl “Viv Ansanm “, pa genyen bouch pou pale. Anpil moun estime, lapolis nan dènye 24èd tan sila yo ap byen depoze ansanm ak popilasyon an ki detèmine pou renouvle pwogram “Bwa kale” a.
Antouka, anpil moun estime krab la gra pou lapolis; patikilyèman nan dènye operasyon douvanjou ke yo te mennen an konplisite ak popilasyon an nan kapital la. Yon sòlòkòtò lejitim defans ki okazyone 35 sangwen mache pòs yo.
Popilasyon Boudon, Kanapevè e latriye pa sispann ap chèche ak wòch, manchèt e koulinn bandi pandan tout fen apwemidi madi 19 novanm 2024 la, nan kad pwogram “Bwa Kale” a.







BK
Fondation Triboland Mombin-Crochu