Konseye pwezidansyèl Fritz Alphonse Jean ta sanble mande popilasyon ayisyèn nan pou enskri gang yo nan pwogram Bwa Kale a

696
14
Share:
TRiboLAND.com

Par TRiboLAND.com

Nan yon nòt toutouni li rann piblik jodi madi 19 novanm 2024 la, konseye pwezidansyèl, Fritz Alphonse Jean, ki manm Konsèy pwezidansyèl tranzisyon 9 tèt la, raple popilasyon ke men anpil chay pa lou! Li ankouraje pèp souveren pou fè yon sèl tèt kole ak lapolis yon fason pou plen aplikasyon pou gang ame yo nan pwogram “Bwa kale” a.

Pi lwen Fritz Jean ki ta sanble pa konnen ki sen pou li rele, deplore eskalad vyolans yo ki pa sispann pran jarèt e plonje peyi Dayiti nan yon konstan katchouboumbe san pran souf. Fritz deklare twòp san koule ak kadav kap miltipliye. Fritz Jean ki pa genyen lontan ke li te nan mitan yon gwo kase pari pou pòs nan yon reyinyon konsèy la, mete anpil aksan sou enòmite soufwans kap sakaje yon latriye sitwayen ke gang ap detwi lakay yo anba flanm dife, dapwè sa ki ekri sou kont Facebook Radio Télé Toupatou.

Li plede pou popilasyon an bay mouvman BK a jarèt yon fason pou arive eradike mikwòb yo; konsa, restorasyon sekirite anndan peyi a ap kapab garanti.

Nap soulinye, nan mwens ke 24 èd tan, genyen plis pase 35 bandi san sal ki tonbe nan nas konplisite polis nasyonal la ak popilasyon an nan kapital la, Pòtopwens.

Share:

14 comments

  1. Duverny 19 November, 2024 at 21:06 Reply

    Se yon bagay yo toujou ap di men yo pa analize pou yo wè se menm moum sayo kap ame bandi yo
    Triboland la tortue montry

  2. Duverny 19 November, 2024 at 21:07 Reply

    Yon peyi konsa se tout chèf non yo site nan zak malonèt sa yo yo dwe pran yo mete yon kote pou machin pa frape yo
    Triboland la tortue montry

  3. Duverny 19 November, 2024 at 21:13 Reply

    Konnya ou wè ou gen yon peyi kote lekòl ap de misyone legliz tout instisyon ki fome moun lakay paran Yo Tout demisyone
    Triboland la tortue montry

  4. Duverny 19 November, 2024 at 21:16 Reply

    Se yon bèl mouvman kite vrèman bon men lite gen yon bagay kote koupab yo ap pèdi lavi inosan yo tou ap mouri
    Triboland la tortue montry

  5. Duverny 19 November, 2024 at 21:17 Reply

    Zòn sodo ap rele tout kote ap rele yo pa konnen ki sen pou yo rele ak jan de sitiyasyon sa yo
    Triboland la tortue montry

  6. Duverny 19 November, 2024 at 21:19 Reply

    Mwen menm se yon ayisyen kote mwen pa renmen poum wè mwen kap pati kite peyi mwen men sak pase depi mwen jwenn pati nan batiman mwen pap rete

  7. Jeff BERNARD 19 November, 2024 at 21:37 Reply

    Nap soulinye, nan mwens ke 24 èd tan, genyen plis pase 35 bandi san sal ki tonbe nan nas konplisite polis nasyonal la ak popilasyon an nan kapital la, Pòtopwens.

    Fondation Triboland Mombin-Crochu

Leave a reply