Kawodati alagoni: KASEK, Viltéra Louis mande entèvansyon otorite yo san pèdi tan

308
Viltéra Louis, KASEK

01/16/21

Kawodati, Basen Ble_____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li akòde TRIboLAnd jounen jodi samdi 16 janvye 2021 an, kowòdonatè KASEK 2e seksyon kominal Basenble a, zòn Kawodati, depatman Nòdwès, Viltéra Louis ki t ap idantifye divès problèm seksyon lap dirije ap fè fas, deklare kè l’ap rache e li enpwisan devan soufrans popilasyon an. Selon KASEK la, se yon seksyon ki gen yon krèy e latriye problèm tankou:


1_ Pwoblèm mizè, grangou ak lavichè ki vle devore peyizan yo nan men’l akoz lapli ki pa tonbe nan kanton an. Pwoblèm sa a, se yon pwoblèm deksplwatasyon paske abitan yo gen tè answit yo gen dlo. KASEK la di li mennen demach bòkote ministè Lagrikilti pou fè 2/3 kanal dirigasyon nan kominote a pou mete yon bout nan mizè nwa peyizan yo, nadmarinad.


2_ Pwoblèm Wout : jounen jodi a, nan plen venteyinyèm syèk sa a, pou soti 2e Kawodati pou rantre Basenble, fòk ou gen gason sou ou. Ni chofè motosiklèt, ni chofè machin mete chapo ba fas ak mizèrere.Nenpòt moun ki malad, ki pral pran swen lopital Basen Ble konn riske mouri sou yon parèy wout, ki se yon kalvè ma swife pou peyizan yo. Malgre demach KASEK la di’l antreprann bòkote konpayi TPTC pou’l ta fè yon pasemen sou wout ta, sanble responsab TPTC yo koule beton nan zòrèy yo pou yo pa tande doleyans popilasyon Kawodati a.

3_ Antouka, pa gen lavi nan Kawodati pwiske pa genyen dlo. Pwoblèm dlo pou moun nan zòn Kawodati se fè divè. Selon KASEK la gen 3 fason abitan yo te kapab jwenn dlo sa a: swa yo fouye pi atezyen, swa yo konstwi sitèn pou lè lapli tonbe yon fason pou yo ta jwenn dlo agogo; oswa fè kaptaj dlo yo. Toujou selon Premye sitwayen Seksyon an, konpayi DINEPA pa janm gen pwojè saa nan kalandriye l, sètadi simaye dlo nan Kanton an.


4_ Pwoblèm Edikasyon: tout timoun Kawodati oblije chita lakay yo aprè yo fin desann egzanen 6e AF la. Gen yon 3e Sik Fondamental nan zòn nan ki resevwa elèv 7e, 8e ak 9e AF k ap mache tonbe leve akoz pwofesè yo pa nome, yo pa touche yon goud Lesko. Konsta, yo ale fè kou pou elèv yo lè lide yo di yo.


5_ Problèm mawonde KASEK la ra gagann, pwiske l’ap kouri sou 12 mwa depi ministè enteryè chwazi pa peye okenn KASEK yon goud nasyonal malgre gouvènman an te pwomèt tout KASEK 733 mil goud pou fè devlopman nan seksyon yo; bagay konsa pa janm debloke!

Devan tout krèy pwoblèm sa yo, kowòdonatè KASEK 2e seksyon kominal Basen Ble a, Viltéra Louis, lanse yon SOS penga seren bay chèf leta a, Jovenel Moïse, pou di’l nan ti rès tan li gen ki rete a pou’l panse ak popilasyon Kawodati a ki livre pou kont e li pa konnen ki sen pou’l rele!

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.