Lapolis arete yon prezime bandi 400 Mawozo Laskawobas

916

05-27-2023

Laskawobas, Ayiti_____(TRiboLAND) Bosquet Ogé, alias Junior Ougan, manm gang “400 Mawozo”, jwen arestasyon li anba men lapolis nan sware jedi 25 pou rive vandredi 26 me 2023 a, nan komin Laskawobas, depatman Sant peyi Dayiti.

Endividi sa genyen pou plizyè akizasyon sou tèt li tankou detansyon ilegal fizi daso, asasina, ak asosiyasyon malfektè.

Aktyèlman Junior Ougan trouve li deyè bawo pou tout swit jidisyè.

Comments are closed.