Senlwidinò: 2 jounen fòmasyon reyalize nan lokalite Janklè pou fòme ajan sekirite 4èm seksyon yo.

09 – 08 – 2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan lide pou ranfòse kesyon sekirite nan seksyon kominal yo, Majistra Gaston Estima akonpanye polis minisipal yo, òganize 2 jounen fòmasyon nan lokalité Janklè, 4èm seksyon Rivyèba nan komin Senlwidinò, soti 6 pou rive 7 septanm 2024 la.

Seyans fòmasyon sa yo ap kontinye nan tout lòt seksyon yo pou fasilite moun kap viv nan seksyon kominal yo viv nan lapè ak sekirite. Nap raple’w, Janklè se rejyon kote bandi kriminèl Level ak Isael te pran annotaj depi yon bon bout tan.
Fòmasyon sa yo pral mete peyizan yo nan kondisyon pou defann zòn yo kont tout atak bandi malonèt.







Kenbe la ekip sa ki fenk monte à
Mwen swete nou siksè.
Triboland Wo moustik Byari
Elinès Vincent
Fòmasyon sa yo pral mete peyizan yo nan kondisyon pou defann zòn yo kont tout atak bandi malonèt.
Triboland Mombin-Crochu
Bon travail
Tribolend port de paix MST