ANAP revoke nouvo direktè BSAP branch Nòdwès la.

09 – 08 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon lèt ki pote non Ajans Nasyonal Sifas Pwoteje yo, mesye Joarilus Placide, mande ak nouvo direktè BSAP branch Nòdwès la, Paul Petit Ronald rache manyòk li e kite kò BSAP la.
Dapwè direktè ANAP la yo pran desizyon sa a paske yo estime ke Paul Petit Ronald ta vyole sikilè 5 desanm 2023 ak Nòt 16 avril 2024 la.
N’ap raple ou ke desizyon sa a sòti, tout swit aprè Paul Petit Ronald ke tout moun konnen sou non “Papa Loulou”, ta pral enstale tèt li kòm direktè nan tèt BSAP Nòdwès la pou yon ti bout tan.







Triboland Savannette
Sa poko gen anpil tan depi li te vin direktè épi lin revoke
Triboland mont organisé
Sa poko gen anpil tan depi li te vin direktè épi li gentan revoke
Triboland mont organisé
travay la Nou Poko ka di se yon bon chwa men Nou swete gen youn ki pi bon .
Triboland latortue fonkiyèz
Nap swiv prosesis yo petèt you ap bon yon jou
Triboland latòti fonkiyèz
Mwen di mèsi a tout moun ki sou fowòm saa spesyalman DG papa Loulou
Triboland latòti fonkiyèz