Komin Senlwidinò: Yon konstriksyon medyatèk pou loje biwo leta, fini deyò, men anndedan li se “men nan machwè”.

1,066

03-02-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Konstriksyon medyatèk pou loje biwo Leta yo ki plase nan zòn ariks nan komin Senlwidinò kont katastwòf natirèl, pa janm acheve akòz mechanste fim kap konstwi medyatèk la.

Lajan kontribyàb yo pase nan gagotay ak radòt administratif. Se gaspiyaj total kapital, yon seri konpayi tèt chat ki profite vilnerabilite Leta a, ak dirijan vwayou ki fasilite yon pakèt grenn senk ap pase popilasyon an anba rizib. Travay yo pa janm fini! Okontrè, yo prefere lage nan men popilasyon Senlwidinò a, yon medyatèk foto kopi (Bèl flè san zodè) ke yo pentire deyò, men ki pa janm fini anndedan.

Sa se anndan medyatèk inacheve Senlwidinò a. Deyò bèl, anndan chaje fatra ou debri.

Daprè kèk òganizasyon nan komin Senlwidinò ki estime ke se yon ensilt ak tout yon derespektan ke yo fè nan komin nan. Konsa, popilasyon an konte foule beton an nan jou kap vini la yo, yon fason pou bay Leta ak tout konpayi fantòm nan yon replik akoz travay inacheve medyatèk la ki te deja genyen plizyè ane depi konstriksyon yo te kanpe.

Comments are closed.