Foutbòl : Lis 20 Grenadye ki seleksyone pou jwe kont Gwatemala

2,419

John Jean Jacques – 03/13/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Aprè plizye mwa san jwe would boul, Seleksyon Ayisyèn Foutbòl la pral finalman repran kranpon sou teren an jou kap vini la yo san meyè jwè li yo.

Depi aprè viktwa li sou Jòdani (2-1) nan mwa septan 2021 an, Seleksyon Ayisyèn Foutbòl la pa janm jwe pyès match. Pwiske grenadye yo pral gen pou jwe lig nasyon Konnkakaf la nan mwà jwen kap vini an, dirijan yo vle kòmanse preparasyon yo ak yon match zanmitay kont ekip Gwatemala a 27 mas 2022 a nan DNV PRK Stadium nan peyi Etazini.

Pou match foutbòl sila a, seleksyonè ekip nasyonal la, Jean Jacques Pierre, fè apèl ak 20 jwè pou kapab vin defann bikolò ayisyen an, avèk absans kèk gwo motè tankou: Johnny Placide, Dukens Nazon ak Frantzy Pierrot.

Gadyen : Josué Duverger, Alan Jérôme

Defansè : Ashkanov Apollon (Hartford Athletic), Garven Michee Metusala (Forges FC), Mechack Jerome (Indy Eleven), Jeppe Simonsen (Podbeskidzie Bielsko-Baiła), Alex Christian (FC Taraz), Ricardo Ade (SD Aucas), Jhondly Van De Meer (SC Cambur)

Milye : Donald Guerrier (Wieczysta Krakow), Leverton Pierre (USL Dunkerque), Bryan Cheveruil (Bourges Foot 18), Carl Fred Santé (New Mexico), Sony Mustivar (Entente SSG), Danley Jean Jacques (FC Metz B)

Atakan : Carnejy Antoine (Casa Pia AC), Derrick Etienne (Columbus Crew), Dany Jean (RC Strasbourg), Christiano François (El Paso Locomotive FC), Fredler Christophe (RC Strasbourg)

Comments are closed.