Senlwidinò : komite kap jere dispansè kominotè Janklè a mande responsab sante piblik yo ba yo yon pèsonèl sante pou sove lavi yo.

388
4
Share:
TRiboLAND


09-07-2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) komite kap jere dispansè kominotè Janklè a, nan yon rankont ak laprès samdi 07 out 2024 la, mande responsab yo nan ministè sante piblik pou ba yo yon pèsonèl sante pou vin sèvi dispansè a.

Selon Ronial Elie, dispansè a fèmen depi nan lane 202, yo lage pou kò yo, pa menm gen yon enfimyè pou pran swen yon senp blesi. Tout maladi fyèv ou problèm fanm ansent gen pou wè avèk ale byen lwen jis 1èm seksyon, Ba Sentann ou Ansafolè pou yo al pran yon ti lòzyèy asistans medikal.

Komite a mande ministè sante piblik nan depatman Nòdwès la, voye yon pèsonèl sante prese prese omwen 2 fwa nan yon semèn pou garanti lavi yo. Lasante se richès pou tout moun kap viv sou latè beni.

Share:

4 comments

  1. Pierre Love 9 September, 2024 at 11:02 Reply

    Wi se inpotan paske gn anpl moun ki mouri paske distans pou yo rive nn yn gran lopital malad la gentan mouri.
    Triboland La Tortue

Leave a reply