Senlwidinò : Popilasyon site Siyon ap rele amwey pou pwoblèm esplwatasyon minn sab ak gravye ki riske mete lavi yo andanje

891

02-16-2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon kap viv nan site Siyon ap mande responsab leta yo nan komin nan bloke pratik esplwatasyon sab, gravye ak wòch nan bouchi a; yon gwo pwoblèm anviwonnmantal ki kapab debouche sou disparisyon moun nan site a.

Nenpòt moman lanmè a anmouvman, dlo kouvri tout site a; mete sou ansanm dega gwo kamyon yo poze nan zòn nan. Rezidan yo pwofite okazyon an pou mande tout otorite nan komin nan pran revandikasyon yo oserye pou lanmè pa bwote moun pa pil ak pakèt nan Siyon.

Pa bliye, 2 gwo konsekans esplwatasyon sab, gravye ak wòch la koze se: gwokamyon yo anfonse yon seri fòs nan site a ki rann zòn nan envivab. Chak fwa lanmè a anmouvman tout site a aba dlo san distenksyon. Se pou rezon sa yo yap mande otorite yo aji pwese pwese, pou anpeche pita pa pi tris pou yo.

Comments are closed.