Nòdwès: Rakèt ratman gaz la ap kontinye pou pi rèd

310

01/07/21

Pòdpè______(TRiboLAND) Ratman gaz la ap pèsiste nan vil Pòdpè malgre gen gaz ki rive nan peyi a. Yon krèy reaksyon pa sispann tonbe nan bouch divès chèf òganizasyon ki rete nan anonima fè konnen kriz gaz sa a sanble tèt koupe ak siyn ki montre peyi a pwal anba lock ankò nan jou ki pwal vini la yo. Yo kontinye pou mete an kesyon 7 fevriye 2021 ke peyi a ap tann tankou tè sèk ki bezwen lapli.

Pou jounen jodi a, galon gazolin nan koute 140 dola ayisyen nan men machann ki ap fè mache nwa yo anba je moun ki di ke chèf ou otorite lajistis ak munisipal yo ye; yo pa menm ka entèdi gaz vann nan galon!

Rate gaz la okazyone egalman pri transpò yo ogmante rà gagann e divès chofè taksi moto rete kwè se mechanste ti nèg nan peyi isit ki vle fin piye sa ki pi pov yo ki lakoz otorite yo rete bèkèkè.

Nap soulinye se pa selman pwoblem gaz la ke pèp Nòdwès la ap konfwonte; gen divès lòt ankò tankou lavi chè a ki pa sispann mete tout moun ajenou ak nan mizè kloròks.

Jehrbson PETIT

Comments are closed.