Ansyen kazèk 4èm seksyon Rivyèba, Deja Raymond denonse plizyè paran kap tolere pitit yo ki nan baz gang Lakwa Peris Tibwadòm.

192
7
Share:
TRiboLAND


09 – 08 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès dimanch 08 out 2024 la, ansyen kazèk 4èm seksyon Rivyèdèba sou pati politik Fanmiy Lavalas, Deja Raymond denonse plizyè paran reselè ki toujou ap tolere pitit yo kap milite nan baz gang Lakwa Peris Ti Bwadòm nan.

Kazèk Raymond deklare bandi te boule 2 kay li, pran plizyè tèt bèf li ak tout sa’l te posede. Konsa, li pap kapab nan danse kole ak bandi sangwen sou oken fòm. Yon lòt kote, ansyen kazèk Lavalas la felisite mouvman polis kominotè a kap byen mache e li pèmèt yo fè yon chenn solidarite ki pat gen avan pou yo te ka fè fas ak tout lòt moun ki gen tandans vin refòme gang nan seksyon an.

Popilasyon an pap jwe ak moun ki ta gen desizyon pou vin mete yo nan kouri ankò. Yon sèl rèl nan kominote a, non ak gang, wi ak lavi.

Share:

7 comments

  1. Pierre Love 9 September, 2024 at 09:00 Reply

    Koze toléré pitit sa fè timoun pa gen respe menm paran yo menm mw pa bezwn diw pou un lot moun deyò
    Triboland La Tortue

  2. Ange-Merline 9 September, 2024 at 12:13 Reply

    Sesa Triboland Aba tout bandi , yon gwo bravo pou Deja Raymond pou bèl travay sa li chwazi fè a.

    Triboland la croix st joseph (port-de-paix) group Bethesda

Leave a reply