Abitan kap viv nan divès lokalite nan 8èm seksyon kominal Dètoukanno, Tigwav denonse movèz kondisyon yap bwè nan seksyon an.

206
0
Share:
TRiboLAND

04-20-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Divès peyizan nan 8èm seksyon kominal Dètoukanno Tigwav, nan yon ti bat bouch ak TRiboLAND jounen jedi 20 avril 2023 a, salanbe otorite ki reklame tèt yo kòm dirijan peyi a. Yo denonse egalman movèz kondisyon vye dlo yap bwè ak pouf è travay domestik yo. pa ni ayè ni jodi a yap fè fas ak pwoblèm dlo sila a,nan anpil loklalite andan seksyon an.

Zòn tankou Nan Mòyèt, Nan Fèm, Nan Lanmi, Alyòm ak Nan Zabriko, se kèk loklalite peyizan ap konnen gwo pwoblèm pou yo jwen yon tilòsyè dlo; souvan se kote zannimo yo bwè, sela yo itilze pou yo pran’n tou. Anpil fwa, se plizyè kilomèt mach pou yo fè sou tigri pou arive boske yon ti galon dlo sal.

Toutfwa, devan sitiyasyon agonizan sila, abitan yo lanse yon kri detrès bay branch lokal Dinepa a nan Tigwav ak Santral pou fè entèvansyon yo prese-prese, yon fason pou rive amelyore kondisyon yap pran dlo pou yo bwè, paske daprè yo, dlo se lavi, yo pa kapab viv san tikout dlo.

JOICY Arnold

Share:

Leave a reply