Yon latriye palmantè ameriken mande sekretè Deta, Mike Pompeo pou pa kosyone eleksyon ki pa enklusiv nan peyi Dayiti

264

Wachennton____(TRiboLAND) Yon latriye palmantè ameriken egzòte sekretè ameriken an, Mike Pompeo pou itilize enfluyans peyi Etazini pou soutni eleksyon lib e onèt nan peyi Dayiti anba lobedyans ak respè konstitisyon an.

Palmantè yo adrese konrespondans sa jodi 15 oktòb 2020 an nan kad laperèz ke yo genyen lè yo apran kòmantè yon latriye fonksyonè gouvènman Donald Trump lan ki pa sispan ap klewonnen eleksyon nan peyi Dayiti malgre rejeksyon nasyonal pati politik yo ak òganizasyon nan sosyete sivil la ki pa antre parèy demach. Konsa, ki pral mete an dout tout kredibilite yo.

“Si nou dwe supòte yon retou demokratik nan tout entegralite li nan peyi Dayiti, politik peyi Etazini ap pouse san gade dèyè eleksyon pike kole ki kapab mete peyi Dayiti nan plis deran byen près daprè palmantè yo ki egzòte Mike Pompeo pou degaje’l pou pèmèt politik lòt bò dlo peyi Etazini an Ayiti pa jistifye yon konpòtman ki pa demokratik”.

Pami palmantè sa yo ki mete 2 men nan tèt, ou jwen: Edward J. Markey, Andy Levin, Barbara Lee, Frederica S. Wilson, Elizabeth Warren, pou site sa yo sèlman.

Comments are closed.