Aksidan sikilasyon Tigwav : 3 moun mouri frèt epi 15 lòt blese gravman

121
0
Share:
TRiboLAND

06 – 27 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) 3 moun mouri frèt epi 15 lòt blese grav, se bilan yon aksidan sikilasyon ki fèt nan 2èm seksyon kominal Tigwav, lokalite Oliver, maten samdi 27 jen 2026 lan.

Selon sa kèk temwen ki te sou plas rapòte bay TRiboLAND.com, se 2 pap-pap dap ki fè kolizyon, youn tap pran direksyon wout Gransid peyi a, lòt la tap pran direksyon wout pou moute ale nan komin Leyogan. Machin ki tap desann nan anrejistre plis victim. Plak li imatrikile TP 63528.

Nap fè remake, blese yo te transpòte nan lopital Senterèz Miragwan nan depatman Nip peyi a, yon fason pou resevwa swen ka yo nesesite daprè sa kèk temwen ak zenyè rapòte.

Share:

Leave a reply