Backup komisè Pierre Elioth Paul nan tèt kole ak ajan brigad lameri Tigwav, mare kou krab 2 prezime bandi koure sangwen.

430
3
Share:
TRiboLAND

08 – 26 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Backup komisè Pierre Elioth Paul, nan tèt kole ak ajan brigad lameri Tigwav, mare kou krab 2 prezime bandi koure sangwen epi sezi plizyè katouch nan lannwit dimanch swa 25 pou louvri maten lendi 26 dawou 2024 la, nan yon zòn ki rele site Pierre Louis ki tou prè wout Nasyonal # 2 a.

Selon komisè gouvènman pakè Tigwav la Pierre Elioth Paul, 2 prezime bandi sa yo, youn pote non Ronaldo ensikoni ki se moun Tigwav lòt la soti nan baz gang Vilaj Dedye. Selon sa TRiboLAND arive rekeyi, se ta Ronaldo ki vini ak lòt prezime kriminèl la nan Tigwav. Chèf pakè a mande popilasyon an pou yo rete tèt frèt; li pa domi ak ekip li e lap travay pou’l fè yo domi nan lapè ak trakilite.

Toutfwa, komisè Pierre Elioth Paul deklare lap genyen pou prezante 2 prezime bandi yo bay laprès nan yon titan ki pa two lwen pandan li presize ke sangwen yo te plizyè, genyen nan yo ki gentan gaye kò yo nan lanati.

Share:

3 comments

  1. Tertulien Mishma 29 August, 2024 at 11:59 Reply

    Se bél bagay lé lapolis ap mete m’en sou san ké sa yo k’ap fini ak peyi a kontinye travay la
    Triboland latottue

Leave a Reply to Donley Cancel reply