Moun Basentàn mande sipò tout konpatriyòt nan dyaspora pou ede yo reyalize yon twonson wout

192
0
Share:
TRiboLAND

08-24-2023

Ansafolè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou reyalize twonson wout Ansafolè – Basentàn, divès sitwayen Ansafolè, Basentàn ki an Ayiti tankou nan dyaspora a pou pote kole yon fason pou kolekte sa yo genyen pou lanse travay yo. Travay yo ki deja lanse mande anpil men fò pou kontinye.

Nan sans sa, Marc Douby Raphaël ki se pòt pawòl komite wout la, lanse yon kri pote sekou bay tout pitit Ansalolè, Diti, Basentàn ki nan kèlkeswa peyi etranje ak tout lòt sila yo ki gen bòn volonte, pou pote kole piti koulye pou ede yo vanse ak travay yo. Moun ki vle sipòte yo ka antre an kontak ak manm komite a, sou : +509 4490-4170 / 3129-0655

Daprè Pòt pawòl komite sila, yo nan nesesite pou kabiran, pou peye operatè, bay sila yo kap travay manje o mwen 2 fwa pa jou. Li fini pou di, wout la ap itil tout moun. Ann pote kole paske wout se chemen devlopman.

Share:

Leave a reply