Yon bandi sangwen 400 Mawozo jwen arestasyon li nan nan Repiblik Dominikèn

1,118

La Romana, RD______(TRiboLAND) Li te genyen yon reselè avèk li nan yon machin nan moman yo tap pran direksyon La Romana; se konsa, polis dominkèn te kanpe Lerby Belus ak tou chofè a yè samdi 24 desanm 2022 a, daprè jounal dominiken Listin Diario.

Selon otorite dominikèn yo, 2 poulen yo jwen arestasyon yo. Lapolis dominkèn arive sezi nan moman arestasyon an: 4 paspò pou diferan moun, yon pèmi kondwi ki imatrikile nimewo: 00389-Ac, yon telefòn pòtab, yon valiz ki genyen rad anndan’l yon bou lajan ki evalye 2,450 dola vèt blan meriken ak yon tikat debi.

Lapolis dominikèn konte relache lòt poulen ayisyen an sou jistifikasyon idantitè; men pou bandi sangwen 400 Mawezo a, Belus ki genyen 36 rekòt, yo konte remèt li bay Lapolis ayisyèn ki tap chèche li tankou chyen fou.

Comments are closed.