ERRA lanse 7è Edisyon jounen liv nan site Kapwa Lamò a

909

04 – 15 – 2024

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) “Espace de Réflexion de Recherche et d’Action” (ERRA), lanse 7è Edisyon jounen liv nan lekòl Nasyonal “Saint Joseph” (Kay Frè a) dimanch 21 avril 2024 la. Aktivite sa òganize chak ane pou mete an valè liv ak kontinye fè pledwari pou moun fè lèkti chak jou ki jou.

Jan sa abitye fèt, pral gen divès panèl ki tap reflechi sou yon dokiman epi ki pral vin fè ekspoze devan gran piblik la. Ane sa, ap gen 17 panèl ki fòme nan diferan lekòl ou Inivèsite nan depatman Nòdwès la. Pa egzanp, “No Pain No Gain School – Institut Eureka” ap fè ekspoze sou “VAR, yon liv ke Smoye NOISY ekri.

Pou yon moun patisipe nan aktivite sila, ou pap peye yon Goud Lesko. Se pandan, moun kap vini yo ka mache ak ti tchotcho pou achte liv kèk otè kap fè vant siyati.

ERRA se yon espas ki chita sou refleksyon ak fòmasyon, ke yon group moun bay nesans nan site Kapwa Lamò a; pami yo Enspektè/Pwofesè Michel Fednel.

Comments are closed.