Funeray Pwezidan Jovenel Moise : Kò a ekspoze nan Vilaj S.O.S. nan Okap-ayisyen

756

07/23/2021

Kap-ayisyen______(TRiboLAND) Vilaj SOS la deja boure ak diferan envite tout kalite ki deplase pou di pwezidan Jovenel Moise “ce n’est qu’un au revoir” jodi vandredi 23 jwiyè 2021 an nan dezyèm vil peyi a, Okap-ayisyen.

Sèkèy chèf leta ekspoze anba yon repozwà òne ak koulè nasyonal la sou yon stand ki kontoune ak yon baryè flè krisantèm ki evoke yon sèten etènite ak imòtalite. Paralèlman plizyè ofisye Lame Dayiti an unifòm seremonyèl ak bwàsa nwà ap fè lagàd akote sèkèy defen an ki parachite sou yon kapèt wouj.

Lòt bò, nan perimèt expozisyon kò pwezidan an, deja genyen anpil pwopo ostil kont otorite yo  ke yo akize ki enplikenan konplotaj asasinay pwezidan an sitou lè yo afiche yon konpòtman konplezan fàs ak arestasyon vrè koupab yo.

Nap raple, vil Okap nan 2 dènye jou sa yo konnen yon seri vag manifestasyon ostil kont otorite yo; pwotestasyon ki chaje ak zàk vyolans nan kàd reklamasyon jistis pou Jovenel Moise. Konsa, anpil moun rete kwè ke zàk vyolans yo kapab rapouswiv pandan dewoulman seremoni adieu chèf deta a, antouka sa merite swiv!

Comments are closed.