Komisarya Polis Santral Tigwav la anonse tout dispozisyon deja pran  pou asire sekirite popilasyon an,nan okazyon fèt fen dane yo.

896

12-29-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès jounen madi 27 desanm 2022 a, nan biwo li, komisè polis Tigwav la, Pierre Bellamy Samedi anonse tout dispozisyon deja pran pou asire sekirite popilasyon an, nan okazyon fèt fen dane yo.

Chèf polis Tigwav la, Pierre Bellamy Samedi deklrare, tout moun ki vle kite kapital la pou vin pase fèt fen dane yo ak zanmi yo, fanmi yo, yo mèt vini san problèm. Daprè komisè a, lapolis ap nan divès pwen nan rantre vil la nan kad yon checkpoint yon fason pou arete tout endividi kap tante rantre ak zam ilegal pou vin simen la twoublay nan mitan popilasyon an.

Komisè polis la, lanse apèl bay nèg kap soti nan kapiltal la ak zam ilegal pou yo pa pran chans, daprè li, PNH la ap pare tann yo.

Selon #1 Komisarya Santral Tigwav la, lapolis mobilize pliske jamè pou asire sekirite tout moun ki vle vin yaya kò yo  nan okazyon fèt fen dane yo, pandan-l solisite kolaborasyon tout popilasyon tigwavyèn nan, nan lide pou fasilite tach yo.

JOICY Arnold.

Comments are closed.