Lopital OFATMA nan Nòdwès peyi Dayiti ap fè gwo fas kare ak pwoblèm medikaman.

325
0
Share:
TRiboLAND


08 – 16 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Pasyan yo nan lopital OFATMA nan depatman Nòdwès peyi Dayiti pa sispann kouri laviwonn dede ak papye preskripsyon akòz enstitisyon medikal la pa gen ase medikaman.

Enfòmasyon korespondanTRiboLAND yo rive rekeyi anba men kèk pasyan nan lopital la, ta fè kwè, li konn 10-11-12 zè se nan vil Pòdpè yo oblije monte malgre sityasyon wout la pa bon, pou vin dèyè medikaman pou malad yo.

Poze kesyon pou konnen, kisa ki ta lakòz pwoblèm sa a? Direktè jeneral OFATMA a, Dr Carl François, fè konnen se majorite lopital yo k’ap fè fas kare ak pwoblèm sa a akòz pwoblèm ensekirite a.

Nap raple’w, sa genyen mwens 15 jou depi ke Lopital OFATMA nan Nòdwès peyi a inogire.

Share:

Leave a reply