PÒDPÈ ap pwan lanm anba gwo dlo

PÒDPÈ_(TRiboLAND) Yon lòt fwa ankò, Vil Pòdpè ap baleye depi 2:45 pm jodi premye Dawou-a anba gwo dlo. Lapli ki tonbe pou yon ti bout tan-an fè anpil dega ak lavalas dlo desann. Plizyè kay nan vil la inonde alòske travay tèt mato bòs kòdonye ki ranplase enjenyè pwofesyonèl responsab yo mete vil la tèt anba nan vye mezi ki pa menm genyen yon seri de nòm pweliminè nan drenaj.


Zònn tankou Lakoup, Nan Demelis, Nan Aman poun site sa yo sèlman, se janbè kap pwofite fè reset yon fason pou ede moun travèse lari ki me wotè ak dlo. Echèk total pou swadizan konpayi ki rele tèt yo pwofesyonèl nan enfwastrikti ibènn fè gagòt ak yon sòm 110,000,000 goud ke pwezidan Jovenel te bay pou travay nan vil Pòdpè.

Moun sezi wè nan ki entèval tan vil lan inonde e koze dega inesplikab atravè divès katye kite deja ap fè fas kare ak yon seri mizè nwa. Konsa, kòm toujou, vil Pòdpè pa espere anyense yon vil ki lage pou kòl; pa gen pwezidan, pa gen senate, pa gen depite, pa gen majistra; se sèten, popilasyon kapwaz la pap menm jwenn yon kout fil lidè raketè yo ki pou ta ede-l kriye.