Antre triyonfal Mgr Charles Peters Barthelus nan Nòdwès

673

08/28/2020


Pòdpè___(TRiboLAND) Se avèk anpil kè kontan, ràd mare, moun soti tribò e babò espesyàlman nan divès kwen avwazinant nan depatman nòdwès la tankou: Basen-ble, Chansòl pou rive Pòdpè te kontan te mobilize an mas pou akeyi Mgr Charles Peters Bathelus jounen vandredi 28 dawout 2020 an.

Antre ou aparisyon Pè Barthelus te jwen sipò divès otorite nan vil Pòdpè tankou: komisè gouvènman pakè Pòdpè a Me Volney Belamin Jean, prezidan konsèy minisipal ajan egzekitif enterimè a nan vil la Josué Alusma san bliye direktè depatmantal polis nòdwès la.

Mgr Barthelus ki gen pou konsakre Evèk avan lontan, te pran lapawòl nan Katedral Imakile Konsepsyon Pòdpè a kote li soulinye lawontèz li akòz anplè yon parèy akèy ke’l jwenn; yon bagay eke li pat menm atann.

Nap raple ou Mgr Peters Bathelus vin ranplase Mgr Pierre Antoine Polo ki li menm rive nan laj retrèt li. Li te ranplase Mgr Frantz Colimon.

Jou-J a se 5 septanm kap vini la a; se deja yon verib mobilasyon melanje ak preparasyon ki deja ap manniganse pou òdinasyon oubyen seremoni de sakreman Mgr PB a ki pral vin Evèk nan djosèz Pòdpè a.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.