Ratman gaz pa sispan ap pèsiste nan Nòdwès

244

16\08\2022

Pòdpè____(TRiboLAND) Jan sa toujou abitye fèt, depi plis pase 4 semèn popilasyon nòdwès la pa sispann fè “lago kache ak sere li byen” ak menm gwo chirepit pou rive jwen yon ti konn gout gazolin kise yon pwodui transvèsal.

Fenomèn sa ki vin mete kle sou absè pa kite popilasyon nòdwès la endiferan; kanta pou aktivite pwopriyetè otèl yo, resto yo, ak chofè taksi yo elatriye, tout moun totalman bloke ak ti degaje yo.

Pou yon gwoup sitoyen, ratman gaz sila se aksyon ponpis yo, pou yon lòt gwoup se pito movèz fwa pwopriyetè ponpis yo pou yo kontinye ransone popilasyon nòdwès la ki deja ap naje nan mizè rere.

Dapwè divès sitoyen, yon galon gazolin ap vann Gd 500 nan depatman nòdwès la!

Fas ak yon sityasyon parèy, sitoyen yo mande ak komisè gouvènman an, la mèri ak lòt enstans konsène yo, pote yon repons yon mannyè pou frennen zak malonèt sa yo ki depase limit

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.