Nòdwès literati: Weekend Literè bò lanmè ak Pri Plim annò        

2,380

05-04-2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Vil Pòdpè pare, yon lòt fwà ankò pou prezante an gran jan 4èm Edisyon Week-end Literè bò lanmè a ak Pri plim annò a vandredi 27 ak samdi 28 me 2022 an nan “Randevou Night Club” nan site Kapwà Lamò a.

Pandan ke òganizatè yo ap fè dènye pase men sou preparatif yo, piblik literè a envite pote kole an foul nan gro evenman sa ki vize meble espri sa yo ki kwè nan lèkti ak zèv literè ekriven chevrone ayisyen yo.

Aktivite “4èm Edisyon Week-end Literè Bò Lanmè a ak Pri Plim Annò” a, ap pràl layite nan yon anviwonman “litoral literè” kote ke patisipan yo pràl respire yon briz maritime enpekab pandan ke yo pral genyen yon opòtunite suprèm pou tande konferansye konsome tankou: Guy Gérald Ménard ak Abram Bélizaire, san konte yon latriye ekriven an sinyati tankou: Lyonel Trouillot, Inema Jeudi, Claude Bernard Serant, Douglas Zamor, Martenson Metayer, Ecclésiaste Etienne, Abram Bélizaire, Clément Benoit II ak envite donè Evelyn Trouillot.

Edisyon Week-end Literè, se yon anbyans literè endispansab ou anyèl ki vize kore e mete an valè zèv otè lokal, nasyonal ak entènasyonal yo nan objektif pou ranfòse ou asezone devlopman kognitiv popilasyon Nòdwès la atravè lèkti.

Comments are closed.