Lapolis kraze ak gaz lakrimojèn rasanble ki tap fèt pou manifestasyon kont pou pouvwa anplas la

373
2
Share:
TRiboLAND


08 – 11 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _______(TRiboLAND) Lapolis kraze ak gaz lakrimojèn yon rasanbleman ki te vize manifeste kont pouvwa anplas la, jodi dimanch 11 dawout 2024 la, nan komin Dèlma. Manifestasyon sila te lanse sou lobedyans ansyen direktè ANAP / BSAP la, Jeantel Joseph ak plizyè lòt estrikti politik.

Toujou rete kòm youn nan opozan fawouch gouvènman defakto Garry Conille an, Jeantel Joseph ak divès lòt pati politik te lanse mouvman sa yon fason pou mande otorite yo pran responsablite fas ak sitiyasyon peyia kap vin pi kritik chak jou ki jou.

Plizyè militan ki te nan lari a boude kont Lapolis ki toujou tounen bouwo pou moun kap revandike pi bon kondisyon lavi, alòske devan zye yo la bandi ap pran plis tèritwa chak jou nan peyia. Konsa, yo estime “Voryen ki pa itil, toujou genyen fòs sou bannann mi”.

Share:

2 comments

  1. Bezthalie Joubert 12 August, 2024 at 11:36 Reply

    Ki kote peyi sa prale egzateman moman yo la c pa manifeste Selman men fòk gn tet ansanm Konsa solisyon Nou vle pou peyi a ap pwobab

  2. Vitazen Keto 12 August, 2024 at 19:25 Reply

    Vitazen Keto Gummies You’re so awesome! I don’t believe I have read a single thing like that before. So great to find someone with some original thoughts on this topic. Really.. thank you for starting this up. This website is something that is needed on the internet, someone with a little originality!

Leave a reply