Konpayi “Dieu qui décide” kanpe transpò ant Jeremi ak Pòtoprens pou rezon ensekirite

08 – 11 – 2024
Jeremi, Ayiti ______(TRiboLAND) Konpayi “Dieu qui décide” ki asire transpò ant plizyè komin nan depatman Grandans lan ak zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, kanpe travay pou pwoblèm ensekirite a. Responsab yo pran desizyon sa akoz bandi sangwen kap opere nan zòn Matisan pa sispann fè yo moute maswife.
Daprè yon ti bat bouch ak yon konpatriyòt nan Jeremi, desizyon sa gen gwo enpak sou moun Grandans kap pran gwo risk pou vwayeje ak fè fas gwo difikilte pou regle yon seri aktivite kòmèsyèl sou moto ki vin pi frekantab sou wout la.
Divès moun nan depatman Grandans lan trè kritik anvè otorite yo, ki toujou rete ap obsève pwoblèm ensekirite nan peyia kap vin pi egzajere, ki rann lavi malere vin pi mizerab.






