Apwè revokasyon Yves Lalane Jr., konsula jeneral Dayiti a nan Pari ap pran gwo sakad sou rezo sosyàl yo

05/30/2021
Depoze pitit politisyen nan bwàt leta an “pas pou ki”, kapab tounen yon pongongon demen pou menm enstitisyon sa ki ta vle pwosede a yon seri chanjman striktirèl.
Nou vle fè referans ak sitiyasyon demeplè ki remete an kesyon vilnerabilite yon seri bwàt diplomatik ayisyen ki enfekte avèk yon latriye enkonpetans ke yo depoze kòm “enfant de la promesse” nan gesyon administrativ Konsula ayisyen yo. Nan jou sa yo, youn nan konsula ayisyen kap fè pale de li sou rezo sosyal yo, se sa ki nan Pari, kapital peyi blan Fwanse a. Kritik, toya, denonsyasyon kòripsyon, jwèt koken, kout ponya nan do, medizans, relachman dokiman konfidansyèl, akizasyon tout kalite tòchonnen pèsonèl konsula a nan jwèt bosal la.
Konsa, ou oblije poze kesyon ki pwotokòl kap aplike anndan yon parèy bwàt, kote ke non sèlman ansyen anplwayè ou kontraktè revoke asepte antre nan yon demach medizans, sabotaj ak denigreman ki mete pwestij ak entegrite La République” ajenou devan zye entènasyonal la, men tou ki remete an kesyon pwosedi nominasyon ak regleman pòs kandidati konsulè yo.
Nan ka Konsula Dayiti nan Pari a, “si andedan pa vann deyò pa kapab achte”. Bwàt diplomatik sa loje yon seri antite kontraktyèl ki kwonik e yo pran an notaj tout nouvo konsul jeneral; e yo fè sa yo pi pito antre yo yon fason pou yo kontinye fè jwèt delwayàl nan delivwe sèvis bay sitwayen ayisyen yo nan peyi Lafwans. Se yon antite ki trè agresif e ki pap kite oken nouvo Alatèt vin chanje “status quo” a nan yon bwàt ki ta sanble paran yo kite pou yo kòm eritaj.
An nou pran yon egzanp, si ou ta mande ministè afè etranjè you seri dokiman ki jistifye konpetans yon seri diplomat. Wi, yo kapab soumèt li bay gran piblik la, men l ap pran anpil tan pou delivwe’l paske li pa disponib. Gen anpil antite ki antre anndan bwàt diplomatik ayisyèn yo san yon moso lisans; e moun sa yo jwen benediksyon yon parenn ou byen akwentans paran yo avèk machin kòripsyon ki fè yo kalifye dofis pou yon seri pòs keyo pakap akonpli menm nan dòmi.
Genyen yon pèsonaj ki trè koni nan milye politik ayisyèn nan, patikilyèman nan Pòtopwens. Anpil moun rekonèt li sou elokans li sitou lè lap bat lestomak li byen fò sou advèsè politik li sou yon seri radyo nan kapital la. Ou ta di gwo vwa li kont pou fè tout moun fèmen bouch yo e pi remèt li kle odyans lan! Konsa, ou pràl konpran se gwo vwa pou granmesi; genyen anpil evidans ki ta montre pèfòmans pèsonaj sa nan yon seri wòl administratif, edikatif ak diplomatik se zewo bare. Gabji, iregilarite, absans lisans (faux avec usage de faux) kòripsyon, depotism, ak enkonpetans nan Karikòm, Kiskeya ak nan Notre Dame oblije revokasyon yon parèy politisyen ke anpil kritik konsidere kòm “Bouch alèlè”!
Ou pràl konprann tou se gras ak parennaj yon parèy pèsonaj, konsula ayisyen an nan Pari ta pràl genyen yon administratè ki rele Yves Lalane Jr. nan tèt li sou presidans Michel Martelly a. Lalane ta sanble te antre nan bwàt diplomatik Pari a sou baz parenn ou enfliyans papa li nan leta kòwonpi ayisyen an. Se yon pitit sistèm nan dolote; dayè, Lalane ki ekstrèmemans avanse nan enfòmatik, jwen revokasyon nan konsula ayisyen an pandan 3 fwa apwè plizyè atak politik papa li fè sou gouvènman Michel Martelly a.
Pandan li te nan fonksyon nan yon parèy bwàt leta, evidans yo aparaman ta montre te genyen anpil iregilarite ou gabji finansyè nan administrasyon konsul la; fon bwàt la te itilize pou peye pwòp rezidans Lalane ak yon pi gwo bòs ki te sou tèt li e ki te reyèlman kavalye polka li nan yon seri anbyans atravè kapital Pari prèske nan weekend. Anfen, ankèt yo revele bagay yo te anpil. Plisyè kontraktyèl ki anndan bwàt la enplike nan zak kòripsyon kwonik egalamn. Leta ayisyen toujou bliye yo kote yo ye a, e renouvle kontra yo san yo pa janm ranplase yo avèk nouvo kontraktè. Konsa, yo demere an mèt e senyè anndan an e trè souvan anpeche nouvo responsab yo fonksyone e delivwe yon sèvis adekwàt a sitwayen ayisyen yo ki toujou neglije.
Se pa nenpòt ki moun ki kalifye pou yon pòs diplomatik. Sekrè deta ou konfidansyalite se pami yon seri atribisyon ki dwe pwime nan nen pòt nominasyon diplomatik. Jounen jodia, apwè revokasyon Yves Lalane sou gouvènman Jovenel Moise la pou kòripsyon, espesyalis krèy la deklare yon veritab lagè iran-irak avèk konsula ayisyen an nan Pari. Sa tèlman ale lwen, sa gen lontan le te penetre anndan konsula ; kreye pètubasyon ak panik jiskaske se entèvansyon lapolis ki te pote sekou bay pèsonèl la. Konsa, li pase 2 jou pwizon, alòske se responsab bwàt konsulè ki antrepran demach pou fè relache’l. Malgre sa, li kontinye ap fè kolòn ak yon seri antite pou fè yon seri denonsyasyon ak sa botaj kont leta ayisyen sou rezo sosyàl yo.
Pou ki sa li pat fè yo avan? Nan fouye zo nan kalalou, Lalane ta sanble li toujou genyen lib aksè ak yon baz anndan konsula ki chaje ak kontraktyèl ki pran an notaj administrasyon konsula a. Yo se baz Lalane e yo toujou bali aksè ak yon seri chanèl anndan konsula a. Se konsa, dènyè alegasyon ki soti sou diplomat Widlyne Pierre Francois ki koulya nan peyi Chili, montre ke yo non sèlman san fondman paske diplomat la te retounen kle rezidans lan, men montre egalman se rat pay kap bay Lalane yon seri aksè a yon seri enfòmasyon pou bay diplomasi ayisyèn nan yon move imaj. Li evidan, bwàt la gen genyen vwa dlo nan sa ki gen pou wè avèk absans konfidansyalite. Lalane ki pa jamè genyen yon viza diplomatik nan men otorite Fwansè yo akoz vyolans e agresyon ke li te egzèse sou kamarad inivèsitè li nan peyi Lafwance; toujou kontinye ap jwe wòl “Matcho Man” konsula a malgre ke li deyò. Li genyen yon “baz boubout” anndan espas la ki pa sispan founi l enfòmasyon. Ajoute ak sa, li fè tèt li pase kòm detantè yon seri dokiman sansib ki rele leta ayisyen chèmèt e chèmètrès.
Antouka, kote ki genyen “la bonne gouvernance”, li enposib pou kontraktyèl pran an notaj yon bwàt kote ke li tronpe vijilans leta a ki pa pran swen revise kontra a e menm ranplase yo. Anwist, kote ki fè prèv de responsabilite leadership, lòd tap remedye imedyàtman osito moun te remake yon seri pwopo endesan ou sal ki ekri kont pwezidan repiblik la sou menm paj facebook konsula a. Ki yes ki fasilite yon parèy aksesibilite? Antouka, se rat kay kap manje pay kay! E se “tel père, tel fils”!
Enel Richard
France , Paris
Les opinions exprimées ici sont uniquement celles de l’auteur à titre privé et ne représentent en aucune façon les vues de TRiboLAND.com.






