Lajistis nan Tigwav tande 4 ajan BSAP ki te jwen arestasyon yo.

433
3
Share:
TRiboLAND

08 – 10 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Jij depè sipleyan nan tribinal komin Tigwav la, Jean Robert Noël tande jounen vandredi 09 dawout 2024 la, 4 ajan BSAP yo : Albert Fritz, Wilner Jean Baptiste, Immeler Lageurre ak Nasson Codio.

Apre jij depè Jean Robert Noël te fin tande 4 ajan BSAP yo, li fè konnen genyen youn nan ajan sa yo ki te an pwosesyon yon revolvè kalib 9 mm ilegal dapre yon rapò lapolis nan Tigwav te soumèt tribinal la. Chèf dakizasyon tribinal la kenbe kont ajan yo, se detansyon zam ilegal ak izipasyon tit.

Toutfwa, majistra Noël deklare tribinal la enkonpetan pou trete afè a, li defere dosye a nan pakè jiridiksyon Tigwav la pou swit legal yo.

Nap raple, 4 ajan BSAP yo te jwen arestasyon yo nan dat madi 06 dawout 2024 pase a, sou Nasyonal nimero 2 a, zòn Kafou André Dicette nan Tigwav nan moman yo tap fè yon netwayaj.

Share:

3 comments

  1. JEAN-CHARLES Woldane 10 August, 2024 at 23:03 Reply

    𝑴𝒘 𝒇𝒆𝒍𝒊𝒔𝒊𝒕𝒆 𝒇𝒐𝒏𝒅𝒂𝒔𝒚𝒐𝒏 𝒂𝒏.
    𝑷𝒂𝒑𝒂 𝑳𝒐𝒖𝒍𝒐𝒖 𝒌𝒆𝒏𝒃𝒆 𝒍𝒂 𝒑𝒂 𝒍𝒂𝒈𝒆.
    𝑴𝒘 𝒔𝒆 𝑾𝒐𝒍𝒅𝒂𝒏𝒆 𝒆𝒕𝒊𝒅𝒚𝒂𝒏 𝑻𝑹𝑰𝑩𝑶𝑳𝑨𝑵𝑫 𝒘𝒐 𝒎𝒐𝒖𝒔𝒕𝒊𝒌.

  2. JEAN-CHARLES Woldane 10 August, 2024 at 23:13 Reply

    𝑴𝒘 𝒇𝒆𝒍𝒊𝒔𝒊𝒕𝒆 𝒇𝒐𝒏𝒅𝒂𝒔𝒚𝒐𝒏 𝒂𝒏.
    𝑷𝒂𝒑𝒂 𝑳𝒐𝒖𝒍𝒐𝒖 𝒌𝒆𝒏𝒃𝒆 𝒍𝒂 𝒑𝒂 𝒍𝒂𝒈𝒆.
    𝑴𝒘 𝒔𝒆 𝑾𝒐𝒍𝒅𝒂𝒏𝒆 𝒇𝒐𝒏𝒅𝒂𝒔𝒚𝒐𝒏 𝑻𝑹𝑰𝑩𝑶𝑳𝑨𝑵𝑫 𝒘𝒐 𝒎𝒐𝒖𝒔𝒕𝒊𝒌.