Chofè motosiklèt yo kreye anpil panik nan lari Senlwidinò jounen lendi 16 septanm 2024 la.

100
3
Share:
TRiboLAND


09 – 16 – 2024

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Chofè motosiklèt yo ki pa deside koube anba arete kominal ki mande pou moto yo sikile san misik endesan nan lari a, rive panike tout aktivite popilasyon an jounen lendi 16 septanm 2024 la .

Arete sa te pran aprè popilasyon an te pote plent pou chofè moto yo ki pa vle moun, legliz, lopital fonksyone ak gwo son mizik lakannay, tisourit ak atè plat, tap revandike ak lapolis ki ta mande mesye yo retire mizik yo sou moto yo. Yon sitiyasyon kite kreye anpil panik nan komin Senlwidinò.

Lapolis, BSAP mete ak ajan minisipal yo sezi plizyè moto kite gen gwo baf ki tap kreye dezòd nan tout lari a. Aprè, yo ta pral remèt moto yo san peye yon goud ayisyen, men avèk anpil ekzòtasyon.

Share:

3 comments

Leave a reply