Yon Ajan BSAP Asasine nan kòmin Ench pandan sware 23 septanm nan

818

09-24-2023


Ench, Ayiti _____(TRiboLAND) Elan Joseph se non yon ajan BSAP ki mouri asasine pandan lannwit 23 septanm 2023 a nan komin Ench nan katye Cherival.

Elan Joseph mouri pandan li te ansanm ak yon lòt ajan BSAP ki se Jean Makenson. Viktim nan te resevwa yon katouch nan do l san oken lòt blesi. Konsa, kòmandan Joseph Jean Baptiste fè konnen li kenbe Jean Makenson, paske enfòmasyon ki ta rive jwenn li fè kwè se Jean Makenson ki al fè konnen ke bandi touye Elan.

Elan Joseph tap kondwi yon moto, alòske Jean Makenson te chita dèyè moto a e li pa menm grafonyen. Moto viktim te rete atè bò kote’l ak 10,500 goud nan pòch li.

Kidonk, aprè konsta legal yo Lajistis te bay otorizasyon ak Lamèri pou leve kadav la.

Comments are closed.