Ba Nòwès: Aktivite gwoudou gwoudou sekwe vil Pòdpè ak anviwon

183
0
Share:
TRiboLAND



Louis Jameson   01/23/2022

Nòdwès______(TRiboLAND) Maten jodi dimanch 23 janvye 2022 an, komin Pòdpè ki tabli kòl nan depatman Nòdwès la konnen  aktivite gwoudou gwoudou anrejistre 4.3 magnitid ak yon pwofondè 10. 0 kilomèt sou Echèl Richter vè 6 zè 06 minit nan zòn Answouj, Nòdwès peyi Dayiti, dapwè USGS.

Sakad yo te fè santi yo seryezman nan plizyè komin nan depatman an Nòdwès, patikilyèman nan vil Pòdpè kote ke yon bò pati nan popilasyon an ki te deja reveye te anba lawouli ak lakilbit.

Jiska pwezan otorite yo poko fè sòti eken nòt sou evantyèl dega. Pou ane 2022 a, se pwemye fwa moun nan komin Pòdpè santi tè a sekwe byen fò konsa.

Pou fini, absans fòmasyon sou tranbleman tè lakoz popilasyon an pa konnen konpotman yo dwe genyen fas ak yon parèy fenomèn ki bay tèt vire.

Share:

Leave a reply