Yon gwo eskonbrit pete devan Mèri Pòdpè a, aprè Polis Minisipal fin makakre yon chofè taksi

384
1
Share:
TRiboLAND


08 – 09 – 2024

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Gwo eskonbrit pete devan Mèri Pòdpè a, jounen vandredi 09 dawout 2024 la, aprè Polis Minisipal yo fin makakre anba kout baton Rony ki se yon chofè taksi nan Ri Dumasai Estimé bò mache ki trouve-l nan zòn Natcom, epi arete-l mete-l nan gadavi.

Divès fanmiy chofè a, ak temwen ki te sou plas al manifeste mekontantman yo pou zak enjistis ak bwigaday ajan Lamèri yo; anplis mande pou libere Rony kap chèche lavi nan lari a, ki se yon moun malad tou.

Trè fwistre anvè ekip kap dirije Mèri a, divès moun sa yo lanse anpil pawòl piman kont otorite krizokal yo ke yo ki pa regle anyen, ki mete yon ekip bouwo kap aji andeyò lalwa.

Share:

1 comment

Leave a reply