Gwo panik kout zàm, plizyè moun blese nan yon pwogram “Nu-Look” nan vil Pòdpè

2,721

12/28/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Gwo panik nan otèl “Rendez-Vous yèswà lendi 27 desanm 2021 an nan moman fòmasyon mizikal “Nu-Look” tap pèfòme pou popilasyon kapwàz la nan vil Pòdpè. Yon endividi rale zàm li, tire e blese plizyè patisipan nan anbyans bal yayad la.

Tassy Marc-Herode, 43 lane, rale zàm li apwè yon diskisyon ouvè katouch sou plizyè moun nan foul la. Konsa, pou pi piti, genyen 2 moun ki blese : Fedeline Beaubrun 23 lane ak Pierre Pierson 25 lane.

Fanmiy viktim yo te fin awoyo e tap fè bwàs pou te arive pase alenfinitif pwezume kriminèl Tassy. Granmesi pwezans ak ladrès polisye Marco alyàs “Mechan Dou” (DCPJ) ki te an sivil, arive dezame e minote agresè a; konsa, fanmiy viktim nan pa arive fè taso ak Tassy.

Marco te oblije rele yon backup kèk tan apwè e remèt Tassy bay komisarya vil Pòdpè pou swit legal yo. Kidonk, Tassy twouve li dèyè bawo nan moman sa, ap reflechi sou dràm ki pase nan djazz la.

Comments are closed.