Prezidant Sant kap fè pwomosyon ak apwantisaj dwa moun (CPADH) bay pozisyon yo, sou avan pwojè refòm konstitisyon, 1987 lan.

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Mèt Nedeline Dinvil, prezidant Sant Pwomosyon ak Apwantisaj Dwa Moun, bwanch Grandans (CPAHD), nan yon entèvyou nan mikwo TRiboLAND.com, fè konnen yo apiye karebare ak pwopozisyon pou genyen yon gouvènè nan chak depatman jeografik peyi a. Men, fòk chak depatman granmoun tèt yo sou plan ekonomik.
Kanta pou seksyon kominal yo vinn komin nan depatman Grandans lan, mèt Nedeline Dinvil, pa aplodi pwen sa a; konsa, li evoke yon problèm enfwastrikti piblik nan zonn sa yo; tankou biwo leta yo nan seksyon kominal yo, kòm kondisyon pou seksyon kominal vinn kòmin, yon apwòch ke prezidant CPADH lan konsidere kòm yon anòmali.
Kòm rekòmandasyon, ki sòti bòkote Sant Pwomosyon ak Apwantisaj Dwa Moun- Grandans, pa vwa Prezidant yo, mèt Nedeline Dinvil, komite pilotaj lan ak ekip gouvènmantal lan, dwe fè plis vilgarizasyon “Avan pwojè refòm konstitisyon 1987 lan; konsa, mas pèp la, peyizan yo nan milye riral yo kapab ki sa bagay la ye. Yon angajman ki pwal konsène yo, pandan tout lavi yo kòm sitwayèn e sitwayen.






