Gang yo ap miltipliye tèritwa, alòske gouvènman an ak tout PNH, Kenya ou entènasyonal la kontinye ap planifye enkonpetans ak echèk

08 – 05 – 2024
Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon seyans travay ki akse sou diskisyon sekirite estratejik pou reponn ak sitiyasyon Gantye a, PM Garry Conille an konplisite ak Minis Jistis ak Sekirite a, Mèt Carlos Hercule, prezide yon gwo chita tande avèk Dirètè Jeneral enterimè PNH la, Normil Rameau ak wo kòdmandman enstitisyon polis la.
Chita tande sila , te vize pou bay gwoup gang sangwen 400 Mawozo yon repons aprè ke yo fè Lapolis fè bèk atè e sakaje e pran kontròl dwann Gantye a e boule tèt nèg yon blende PNH ki ta sanble te deja anpann.
Nan pawoli sila, Mesye Normil pat ezite fè yon lòt fwa ankò promès po pistach ki pa kanpe sou anyen. Menm yon ti bebe tap trouve li enposib pou vale yon lòt fwa siwo vagomèx la ke yo pa sispan foure anndan bouch popilasyon an.
Antouka, tankou li te toujou ye; wo kòmandman PNH la ta sanble kontinye kontrole anba gang PNH ki toujou genyen gro konivans ak gang pye blanch kap founi tchotcho an echanj ak tout vire tounen estratejik PNH la.
Diskisyon yo te chita sou sekirite, alòske ta sanble antènn gang nan mitan wo kòdmandman PNH la genyen plizyè kriminèl ki sou payroll gang depi plis pase 3 lane. Gang yo ap miltipliye tèritwa, alòske gouvènman an ak tout PNH, Kenya ou entènasyonal la, kontinye ap planifye operasyon enkonpetant ak estrateji po pistach.







Mwen estimé lap difisil pou nou gen kontwol gang sa yo , mw te déjà imajine patap gn Yon gwo bgy pase sa avek enplantasyon fos miltinasyonal la. Se menm enstans ki mete peyi a kotel ye la , ki distribue gwo zam menm swadizan polisye nou yo pa ka itilize , se yo menm menm konnya ki vini ak fos kontre yo. donk si te gn Yon Bagay serye ki tap fet , yo tap itilize Yon lot estrateji pou rantre tout zam to te pataje yo avan yo vini ak fos la. Si yo te vle yo tap ka fe sa pask yo gn aparey pou détente sa kelkeswa kite w te ka ye a. ayiti pwan nan konplotaj fo politisyen nou yo AK meyé blan
Suzanne nord-est Haïti / commune carice
Travay la vrèman bèl nou pap janm ka fin remèsye pdg nou an Bondye ap toujou baw plis lasante fòs kouraj deviz pouw toujou ède nou ki nan nesesite e nou kòmanse fè kòb ak sa nou pran yo. Fondation triboland nan moustik.nou pa gen ase mo ke mèsi.