Chèf pakè Kap-Ayisyen an, transfere kòm sibtiti komisè nan pakè Gran-Rivyè nan Nò peyi Dayiti.

959

Mèt Edno Placide, transfere kòm sibtiti komisè nan pakè Grand-Rivyè Nò a, li ranplase nan plas sa a, komisè gouvènman pakè Gran-Rivyè a.

07-08-2023

Kap-Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Komisè gouvènman pakè Kap-Ayisyen an, sou wout pou li kite pakè a, pou al travay kòm sibtiti komisè nan pakè Gran-Rivyè a.

Selon yon sous ke nou ka fè anpil konfyans, premye minis prezidan an Ariel Henri, taka pran desizyon pou transfere komisè a; se swit ak yon seri dosye sansib tankou : batay kont gang, batay kont pwopriyetè ponp kap fè mache nwa pou n site sa yo sèlman; se ta ansanm bagay sa yo, ki lakòz gouvènman an, transfere Mèt Edno Placide.

Nouvèl sa a, lage gwo wounou-wounou, nan mitan popilasyon kapwaz la, e fè konnen, komisè gouvènman an pap fè yon pa kita, yon pa nago.

Comments are closed.